Lyrics

Di'm si sa rive ou g'on nonm tout sa'w fè se pou li
W'ap travay di fè sakrifis pou'w k pote ba li
Men'w vin reyalize tout sa ou bay pa janm sifi
Chak verite'w ba li li menm li ba'w yon grenn manti
Aprè tout betiz kounya li vle tounen
M'gentan fè wout mw m'pa vle Moun detounen'm
Wa sonje'w fè'm kriye m'bay dlo nan 2 tou nen'm
M'ta renmen konnen kisa ou te ye pou mwen
Ou fin kraze kè'm kounya w'vle tounen avè'm
Fè Moun ri nan zafè'm chérie
OU PAP FE'M SA ANKÒ
Ou t fè'm sa déjà ou pap fè'm sa 2fwa ou vle tounen sou sa cheri
OU PAP FE'M SA ANKO
Love love love se sa m'te gen pou'm ba'w
Chak fwa m'te konn pale'w di kimele bouda'w
Mw konn ave'w w'pran telefòn w'ap lot jenn fanm
OU fè'm santi prezans mw Nan lavi'w pat enpòtan
Ou t k touye mw, w'te k anpwazone mw
Pou jan'w t pwomèt mw fidelite w'pap janm twonpe mw (bis)
W'pat dwe trip sou mw ni maltrete'm malgre defo'm yo
Ou fè'm wè anven tout sakrifis ak tout efò'm yo
Kounya w'apwoche'm ou vin leve tout plim sou do'm yo
Machè m'pa bezwen ou al fe wout ou kite'm poukòm O
Ou fin kraze kè'm kounya w'vle toun'avè'm
Fè Moun ri nan zafè'm chérie
OU PAP FE'M SA ANKÒ
Ou t fè'm sa déjà ou pap fè'm sa 2fwa ou vle tounen sou sa cheri
OU PAP FE'M SA ANKO
M'konn ap chache'w poutan'w soti ak yon lòt fanm w'al fè'l
Lè mw rele'w telefòn ou sone w'pa pran apel
Lè Mw nan travay ou mm ou nan lari
W'te konn pran tout plezi'w pou'w ap banm manti
Kounya se avè'm ou vle fè yn lòt vi chéri ou t'ap ri'm yé (bis)
Written by: BLONDEDY FERDINAND
instagramSharePathic_arrow_out