Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Kado
Performer
COMPOSITION & LYRICS
James Momplaisir
Songwriter
Lyrics
Mwen pral di w yon sekrè
Nan kè mwen lontan
M konnen sa ap etone w (etone w)
Mèt kwè m se verite
Bondye nan syèl konnen (oh-oh-oh)
Kijan ke mwen renmen w (oh-oh-oh)
Se pi gwo mal mwen ta fè
Si mwen pa ta di w sa
Lanmou g on jan l manifeste
Ou mèt fè sa ou vle
Se kè k ap deside (se kè k ap deside)
Lanmou g on jan l manifeste
Ou mèt fè sa ou vle
Se kè k ap deside
Pouki pou m kwè w renmen w
Mwen se pitit sòyèt
W abite nan on chato (gwo chato)
Mwen rete nan geto
Nou pa menm ran sosyal (non-non-non)
Nou pa sanble
W a di m kijan sosyete a pral gade nou
Si m ta chwazi
Yon moun ke m pa renmen
Pou fè lasosyete plezi
Sa t ap rann lavi m mizerab
E si toutfwa
Paran m ta entèdi m
Pou anpeche lanmou m grandi
Se pi gwo mal yo ta fè nou
(Lanmou pa gen wo, ni l pa gen ba)
Mande Ti Blan la di w
(Lanmou pa konn afè ran sosyal)
Di Doktè vin eksplike l (Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa)
Lanmou pa gen koulè
(Lanmou pa nan prejije)
Si m ta chwazi
Yon moun ke m pa renmen
Pou fè lasosyete plezi
Sa t ap rann lavi m mizerab
E si toutfwa
Paran m ta entèdi m
Pou anpeche lanmou m grandi
Se pi gwo mal yo ta fè nou, oh-oh, oh, oh
(Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba)
Mande Ednol la di w
(Lanmou pa konn afè ran sosyal)
Marcelin Lalane, vin eksplike l
Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
Lanmou pa gen koulè
(Lanmou pa nan prejije)
Oh-oh, oh-oh-oh
Oh-oh-oh
Oh-oh, oh-oh-oh
Oh-oh-oh
Ti Lunèt
Gen lavi, baby
(Oh-oh, oh-oh-oh) Konnen yo pral pale
(Wo-oh, oh-oh-oh) yo pral pèsekite m
(Oh-oh, oh-oh-oh) m konnen sa pa fasil
(Wo-oh, oh-oh-oh) se nou k pou deside
(Wo-oh, oh-oh-oh) pou mwen sa enposib
(Oh-oh, oh-oh-oh) pa gen okenn garanti
(Wo-oh, oh-oh-oh) se mwen ki pral kriye
(Oh-oh, oh-oh-oh) lanmou sa p ap dire
Lanmou g on jan l manifeste
Ou mèt fè sa ou vle
Se kè k ap deside (se kè k ap deside)
Lanmou g on jan l manifeste
Ou mèt fè sa ou vle
Se kè k ap deside
Oh-oh, oh-oh-oh
Oh-oh-oh
Oh-oh, oh-oh-oh
Oh-oh-oh
Ti Lunèt
Gen lavi, baby
Written by: James Momplaisir