Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Jbeatz
Jbeatz
Performer
COMPOSITION & LYRICS
JEAN PLUVIOSE
JEAN PLUVIOSE
Songwriter

Lyrics

Sonje premye jou m'rankontrew se jou sa lavim kòmanse jou sa planèt yo te alinyen ekstraterès yo tap fete men Bondye ak zanj yo tap fete. Premye fwa m'te santim konsa jan kèm te antoure ak jwa definisyon yon rèn yon wa. Ou fè nan lanmoum m'gen lafwa lanmou nou briye menm nan fè nwa.
Li te lèl te tan pou ke m'te kontre akew li te lèl te tan pou zye'm te tonbe nan zye'w li te lèl te tan pou nanm nou te konekte.
Cheri pou mwen ou plis ke yon wa si'm pa di sa m'ta yon engra sou 2 jenou m'priye chak swa pou'm mande Bondye gade'w, pou li pwoteje'w paske'w se de je nan tèt mwen.
Pwoteje'w la pou siye dlo nan je mwen ou se botem menm lè'w an difikilte ou fè tout sa'k pat renmen'm yo respekte'm map renmen'w nan bon tan move tan baby ou se yon benediksyon
M'jwenn yon grenn mwen resi jwenn yon bon grenn
Lanmou se mwen ansanm avèw se tolerans avèk pasyans lanmou se ou lanmou se mwen li te lèl te tan pou nanm nou te fè konesans.
Written by: JEAN PLUVIOSE
instagramSharePathic_arrow_out