Credits
PERFORMING ARTISTS
Dat7
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Ricot Amazan
Songwriter
Michael Junior Bellevue
Songwriter
Lyrics
This is what I do best
Yes Ti Tanbou all in your chest
Yon maten w leve
Ou gen yon plan pou tal egzekite
Tout sa w fè pa mache
Eske wap fache, dekouraje
Ou ta menm panse ou marye ak devenn
Kòt ak kòt ak mizè
wap mache ou pa ka separe
Oh oh
Mwen di non non, non non
Non non pa gen sa pyès
Konn yon machann chabon
Bò lakay mwen k konn di m lè sa pa bon
Yon jounen anyen pa vann men l pa janm dekouraje
Mizè pap fè l rantre nan kout mal taye
Lavi a bèl, konsa l konn lèd
Sitou lè w pa konn pou pran remèd
Non non
Mwen di non non, non non
Non, non pa gen sa pyès
Mezi pye m pa fasil
Ha ha ha ha ha
Wap chèche l
Turbo Orlando
Ti Mario Viau, ede m di yo
Yo pap sis
Se lè w pa ka kreye waksepte
Men domaj
Depi w pa manyen afè moun
Ou ka pran risk
Ke w vann manje ke wal vann dlo
Tout se biznis
Pasyans ak detèminasyon ka fè w chanpyon
Just kwè nan tèt ou jiskobou, lap mache pou ou
Son desizyon ak yon vizyon ki fè on aksyon
Machann chabon, machann pèpè kenbe la just do it
Bon se mizik mwen konn fè
Se li map kontinye fè
Woy Dat7 nou fè k fè deposit wi
Nan kont an bank pèp la
Levelt Ti-ti Ti Tanbou fè deposit
Vann kenèp, zaboka pou pitit al lekòl
Pa gen danje, just do it
Menm si yo pale w mal, gade w mal
Fè tout sa w gen pou fè
Pa gen danje, just do it
Mwen di pa gen so metye
Pa gen so metye nan lavi sa a
Pa gen danje, just do it
Fòk ou travay di pou ka reyisi nan lavi sa a
Pa gen danje just do it
Woy Dat7 nou fèk fè deposit wi
Chofè kamyonèt chofè motosiklèt mwen yo
Kenbe la pa lage
Tout se biznis
Marco Antonio jwèt pou ou papa
Written by: Michael Junior Bellevue, Ricot Amazan