Upcoming Concerts for Medjy
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Medjy Toussaint
Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Medjy Toussaint
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Medjy Toussaint
Producer
Cedric Louis
Mixing Engineer
Alan Lewis
Mastering Engineer
Lyrics
Oh oh
Gad kijan on moun anlè mesye
Bon sak gen la pou kè w gentan
Tout kontan sa
Tèt chaje
M awoyoooooo
Voye chèche lajwa lapè
Di yo m bezwen yo
M awoyoooooo
Mwen mete de bèl chanm
Sou do kay la pou yo
M awoyoooooo
Mwen met ògèy ak ego
Sou bèl anbago
M awoyoooooo
Di yo m chanje lavi mwen
Kite m anrepo
Padone mwen si w pa tande m
Mwen te fè twòp tan ap viv
Yon vi ki pa vle m
Pwoblèm mwen yo fè m neglije w
Doulè mwen yo te twò wo
Pou mwen eksplike w
Sòri
Se pa valè m pa konprann valè w
Men pou mwen ka byen
M oblije travay sou mwen
Lanmou
Dapre sa mwen byen konprann
Se pi bèl bagay nou genyen nan nou
Men trè souvan l kache
Dèyè mal ki la yo tou
Sa fè l difisil
Pou kè yon moun nan priyorite w
Lè pò w la pa la
M awoyoooooo
Voye chèche lajwa lapè
Di yo m bezwen yo
M awoyoooooo
Mwen mete de bèl chanm
Sou do kay la pou yo
M awoyoooooo
Mwen met ògèy ak ego
Sou bèl anbago
M awoyoooooo
Di yo m chanje lavi mwen
Kite m anrepo
M awoyo
M awoyoooo
M awoyo
M awoyoooo
M awoyo
M awoyoooo
M awoyo
Si w pata la si w pata la adje
Bondje m ap respekte chwa ou
Moun sa w banm la
Moun sa w banm la sa vre
M ape pran swen l pou ou
Jou n pata jou n pata la sa vle
Di lanmò fè n on move kou
Kounya nou la banm pwofite gate w
Pa menm gen deba
Sou kijan w vin jwenn mwen
En très mauvais état
Ou wè nan fon kè m
Te gen bon ou tou ret la
Malgre m te non tou
Ou kenbe men mwen men mwen
Ou rale mwen monte
Nou goumen nou sove pita
Ann soti a pitit nou
An nou selebre sa
Mwen fin awoyo mèsi pou sa
Si w pata la si w pata la adje
Cheri
En de twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
Woo cheri
En de twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
M awoyoo
Written by: Medjy Toussaint