Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Wid
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Widler Octavius
Songwriter
Lyrics
Yeah yeah yeahyeahhhh
Ou bò kote m
Poutan m pat ka santi doulè ou
2 je w nan je m
Men mwen pat kapab wè tristès ou
Ou bouke pale… Pale…
Pale chak jou
Mwen pa janm tande
Ou bouke chache… Chache…
Chache mwayen pou n kominike
Konnya, remò vle fè m pann tèt mwen
Reyalite a frape mwen jouk nan zo
Konnya, sa m pwal fè ak tèt mwen
Pou janm m konnen m gen defo
Kilòt k ap pran mwen
Sanble li twò ta pou mwen
Pou m repare erè mwen
Sanble li twò ta pou mwen
Pou mwen lave peche mwen
Refren
Banm chans mwen
Banm chans mwen
Fè pa mwen
Fè pa mwen
Sou mwen lanmou lage
Menm pye l m pa kenbe
Mache chache pat banm tan
Pou m wè sa m posede
Konnya, m ap(e) plenyen nan tout kwen
Lè m leve nan kay la
M ap fouye tout rak kwen
M plede rele sou rele
Men, ou pa ret sou bò mwen
M ekri zanmi w, fanmi w
Men, yo tout bloke mwen
Sanble li twò ta pou mwen
Pou mwen repare erè mwen
Sanble li twò ta pou mwen
Pou mwen lave peche mwen
Refren
Banm chans mwen
Banm chans mwen
M ap chanje
M ap chanje
Woy… Cheri m santi m fèb
Sewòm mwen bezwen
Sewòm
Woy m mele
Woy m mele
Woy m mele
Refren
Pa gen anyen m pap bay
Bebe, pa gen anyen m pap bay o
Pa gen anyen m pap bay
Bebe, pa gen anyen
Ou mèt mande pou m leve latè
Pou mwen pwouve w ke mwen chanje
Ou mèt enpozem tout sa ou vle
W mèt pase m lòd,
W mèt kòmande mwen
Pa gen anyen m pap bay
Bebe, pa gen anyen m pap bay
Pa gen anyen m pap bay
Bebe, pa gen anyen
Ou mèt mande pou m leve latè
Pou mwen pwouve w ke mwen chanje
Ou mèt enpozem tout sa ou vle
W mèt pase m lòd,
W mèt kòmande mwen
Ou mèt kòmande
Woy
Cheri m santi m fèb
Sewòm mwen bezwen
Sewòm
Woy m mele
Woy m mele
Woy m mele
Written by: Widler Octavius