Top Songs By Apachidiz
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Apachidiz
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Wilder Jean Pierre
Composer
Joseph Junior Zenny
Composer
PRODUCTION & ENGINEERING
Joseph Zenny Jr
Executive Producer
Melo_idiz
Producer
Lyrics
Nou pat ko konprann egzijans lavi tap fè ou
Nou pat ko gen nanm
E nou lage plis chay sou tèt ou
Ant sa n te vle ke ou pat kapab ba nou
E tout sa w ba nou ke nou pat vle
Nou te twò piti pou nou konprann ou manman
Jodi a nou vle w leve mete w byen fre
Byen bèl byen abiye
Madanm mete w sou talon
Nou pral fete
Leve mete w byen fre
Byen bèl byen makiye
Madanm mete w sou talon
Poun fè 2 won
Annou fè 2 won manman (ann fè 2 won)
Apiye w sou mwen manman (ann fè 2 won)
Sere mwen fò manman (ann fè 2 won manman)
Jodi a m pral bo w manman (ann fè 2 won)
Annou fè 2 won manman (ann fè 2 won)
Apiye w sou mwen manman (ann fè 2 won)
Paske m pral virew m vire w tounen w
M kenbe w m bo w pyout.
Hmmmm
Nou pa janm wèw fè bak
Kanpe goumen ak lavi se sa n ka temwanye
E n pa janm wèw fè lach tou
Ak souri w afwonte problèm yo tou lè jou
Ou fin fè tout sa w te dwe fè pou nou ti madanm
Ou mèt poze kounya chita tann
Misyon'w akonpli vin jwi pitit ou manman
Jodi a nou vle w leve mete w byen fre
Byen bèl byen abiye
Madanm mete w sou talon
Nou pral fete
Leve metew byen fre
Byen bèl byen makiye
Madanm mete w sou talon
Poun fè 2 won
Pou sak gen manman anwo nan syèl
Ou gen yon zanj e ou sou kèl
Li pa vle w tris jou fèt dè mè
Komsi l te la pale avèl
Mande l danse menm si w pa wèl
Lap santi l fyè si w dil manman manman
Annou fè 2 won manman (ann fè 2 won)
Apiye w sou mwen manman (ann fè 2 won)
Sere mwen fò manman (ann fè 2 won manman)
Jodi a m pral bo w manman (ann fè 2 won)
Annou fè 2 won manman (ann fè 2 won)
Apiye w sou mwen manman (ann fè 2 won)
Paske m pral virew m virew tounen w
M kenbe w m bo w pyout.
Manmi cheri ann make pa
Ey ey wouw
Pa peze klòtch pa peze fren
Kitel ale konsa
An Apachidiz yooww
An Apachidiz manman
An Apachidiz manman
Nou nan lari a
An Apachidizz yoow
Written by: Joseph Junior Zenny, Wilder Jean Pierre