Top Songs By K-dilak Mesaje a
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
K-dilak Mesaje a
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Joubite Dessalines
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Joubite Dessalines
Producer
Lyrics
(Oh-oh, oh, oh-oh, oh-oh)
M p ap padone w, padone w, padone w
(Oh-oh, oh, oh-oh, oh-oh-oh)
M p ap padone w (K-Dilak)
(Mesaje a)
Ye-eh-ih-ih! (cheri, m p ap padone w)
M p ap padone w
Paske w wè m renmen w
W ap pwofite de fèblès mwen
Pa t janm konnen yon jou
Ou te lapli nan sechrès mwen
Tout sa w te fè pi byen
Se pran plezi nan detrès mwen
Gen on lòt moun ki pran kè m
M pa bezwen w pou metrès mwen
Han-anh
Pa mande m pou m padone w
(Cheri, m p ap padone w)
Pa mande m pou m padone w
(Cheri, m p ap padone w)
Ou fè m twòp, ou fè m twòp
(Cheri, m p ap padone w)
Ou, ou, ou fè m twòp, ou fè m twòp
(Cheri, m p ap padone w)
Paske w wè m renmen w
W ap pwofite w de fèblès mwen
Pa t janm konnen yon jou
Ou te lapli nan sechrès mwen
Oh-oh-oh-oh
Cheri
Te di ou p ap afiche m paske m pa bolèt
Bondje wè w, tande!
P ap pran sa nan men w
Madanm
Pataje, pataje
Antouka, game k ap fèt
Men Manès, ranje kò w
El mágico
Ye, ah, non, non, non
Chak fwa pou ban m tan w, ou toujou okipe
Toujou g on bagay serye w ap regle
Men m te jwenn yon lòt moun pou te konsole m
Li te la pou mwen lè w t ap meprize m
Mwen rekolte lanmou
Avèk li, mwen santi alèz
Mwen regrèt sa pou ou
Avèk ou, mwen te nan falèz
Pa mande m pou m padone w
Konsyans ou pa t jan m klaksone w
Te repouse m chak fwa m apwoche w
Ou te plen lòt pò pou w te akoste w
Pito w pa t janm renmen m
Men w te respekte m
G on lòt moun ki pran men m
Ou pa bezwen menm espere m
Pa mande m pou m padone w
(Cheri, m p ap padone w)
Pa mande m pou m padone w
(Cheri, m p ap padone w)
Ou fè m twòp, ou fè m twòp
(Cheri, m p ap padone w)
Ou, ou, ou fè m twòp, ou fè m twòp
(Cheri, m p ap padone w)
Paske w wè m renmen w
W ap pwofite w de fèblès mwen
Pa t janm konnen yon jou
Ou te lapli nan sechrès mwen
Oh-oh-oh-oh
Trè, trè, trè, trè saj
Written by: Joubite Dessalines