Top Songs By Shishie
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Shishie
Lead Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Joubite Dessalines
Songwriter
CAMISE DÉLIA
Songwriter
Lyrics
M ka pran pasyans pou ou jodi ak demen
Men l pap janm aprè demen
Pandan minute ak segond ap vale teren
Men ou chita la oumenm wap vale kleren
M pap vin kite moun griyen dan nan echèk an mwe
Mwen vle travay yon jou
Pou mwen chanje chèk mwen baby ooooo
M pa vlew panse kem twò prese
Men’m paka fè vim ak yon parese
Refrain(2x)
Chéri jwèt la gate
Sa pap janm ka mache
Chita bwè kleren
Frite avèk zanmiw yo
Mache jwe domino
Rete la sèlman pran plezi nan viw
(Chachon bagay pouw fè)
Oooo chéri manviw , chéri manviw
(Chachon bagay pouw fè )
Se selsa mwen wè k enpotan nan viw
(Chachon bagay pouw fè)
Oooo chéri manviw, chéri manviw
Ouoooo après valè tan dim sa nou reyalize
Ouoooo ou pa rann kont avni’n ap debalize
Ouooooo m bezwen on Moun poum konte sou li
Pou’n travay ansanm
Pou nou konbat lavi
Refrain(2x)
Chéri jwèt la gate
Sa pap janm ka mache
Chita bwè kleren
Frite avèk zanmiw yo
Mache jwe domino
-Solo-
Lanmou te vle aveglem
Ou pran sa pouw betizem
Jwet la gate, jwet la gate
Avèw m te vle reziye’m
Men’m bouke fòm lage pyem
Jwèt la gate, jwèt la gate
M pase twop tan an
Twop tan nan vim ap tann ou baby
M pase twop tan
Problèm nan vim
Chagren nan vim nananana
M pase twòp tan
Twop tan nan vim ap defann ou baby
Jwèt la gate
Mwen deside fòk mwen ale nananananana
Lanmou te vle aveglem
Ou pran sa pouw betizem
Jwèt la gate, jwèt la gate
Avèw m te vle reziyem
Men m bouke fòm lage pyem
Jwèt la gate, jwèt la gate
Solo fin…
Written by: CAMISE DÉLIA, Joubite Dessalines