Top Songs By Kreyol La
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Kreyol La
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Kreyol La
Songwriter
Lyrics
ÇA VIENDRA
(VERSE 1)
LAVI M, MWEN VIV LI AK SA M GENYEN
MWEN TRAVAY NAN SA M RENMEN
TAN N TOUT SA KA P VIN DEMEN
HEY, M’RET KACHE KO M NAN YON TI KWEN
FE SILANS TANKOU YON SEN
MEN M’KONN SA YAP DI SOU MWEN
MEN SE LAVI M, SA MAP VIV OU PA KONEN
OU LIB POU DI TOUT SA W VLE DE MWEN, SA OU VLE DE MWEN
MEN SE LAVI M, MAP VIV LI JAN L BON POU MWEN
SAN SOUSYE M DE SA W PANSE DE MWEN, MEN SE LAVI M, OO
KANAAN MET YON BEL DISTANS, (REFRAIN) YON JOU MA RIVE AK PASYANS
LA FWA M PAP FEBLI M’GEN KONFYANS, (REFRAIN) YON JOU MA RIVE AK PASYANS
CA VIENDRA
(VERSE 2)
OU PAP JAN M TANDE M PLENYEN, LE M RAZE MOUN PAP KONNEN
MOUN PAP KONN KOULE KWI MWEN
MWEN WE ZANMI KAP MENNEN, SE PA WOUT LA M PA KONNEN
MEN M PLIS KWE NAN SYE FWON MWEN
MEN SE LAVI M, SA MAP VIV OU PA KONEN
OU LIB POU DI TOUT SA W VLE DE MWEN, SA OU VLE DE MWEN
MEN SE LAVI M, MAP VIV LI JAN L BON POU MWEN
SAN SOUSYE M DE SA W PANSE DE MWEN, MEN SE LAVI M, OO
KANAAN MET YON BEL DISTANS, (REFRAIN) YON JOU MA RIVE AK PASYANS
LA FWA M PAP FEBLI M’GEN KONFYANS, (REFRAIN) YON JOU MA RIVE AK PASYANS
MEN ÇA VIENDRA
HORNS: TOUT SA YO DI SE VRE, E SA YO PRAL DI SE VRE
(SOLO)
OOOO, MOUD LA PAP CHANJE
IYOLOLO IYOLOLO, KOTE APACH YO
LES APACHES ATTAQUENT
(LEAD)
SE ALE MWEN PRALE KANAAN, ÇA VIENDRA
MENM SI WOUT LA LONG MWEN PASYAN, ÇA VIENDRA
SE ALE MWEN PRALE KANAAN, ÇA VIENDRA
MENM SI WOUT LA LONG, MWEN PASYAN, ÇA VIENDRA
(LEAD)
LESE MWEN VIV JAN M KA VIV, ÇA VIENDRA
KITE M TRAVAY POU NOU LIB, ÇA VIENDRA
LI PA EKRI NAN LIV, OOOO, A KI LAJ WAP MILYONE
(SOLO GUITARE)
OU PA TIMOUN NON, KENBE KO W KENBE KO W
DEZAPIYE W NON
ALE M‘ALE
ALE MWEN PRALE KANAAN, ÇA VIENDRA
MENM SI WOUT LA LONG MWEN PASYAN, ÇA VIENDRA
SE ALE MWEN PRALE KANAAN, ÇA VIENDRA
MENM SI WOUT LA LONG, LONG, LONG
(LEAD)
LARI A PLEN MOUN CHAK JOU, MEN YO PA FE MEN M PAKOU
PA FOSE MWEN SWIV WOUT OU, PA BLIYE M’GEN REV PA M TOU
M CHAJE ZANMI K’TE FIN FOU, NAN FE LAJAN D’UN SEUL COUP
MWEN WE YO NAN NOUVEL TOU, GADE MWEN LA TOUJOU
(SOLO GUITARE)
EY FOUT
OU PA TIMOUN NON, KENBE KO W KENBE KO W
DEZAPIYE W NON
SE ALE MWEN PRALE KANAAN, ÇA VIENDRA
MENM SI WOUT LA LONG MWEN PASYAN, ÇA VIENDRA
SE ALE MWEN PRALE KANAAN, ÇA VIENDRA
MENM SI WOUT LA LONG, MWEN PASYAN, ÇA VIENDRA
(LEAD)
LESE MWEN VIV JAN M KA VIV, ÇA VIENDRA
KITE M TRAVAY POU NOU LIB, ÇA VIENDRA
LI PA EKRI NAN LIV, OOOO, A KI LAJ WAP MILYONE
MUSIQUE: JOSEPH ZENNY
MELODIE & PAROLES: JOSEPH ZENNY
ARRANGEMENTS: KREYOL LA
Written by: Kreyol La