Top Songs By Shishie
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Shishie
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Wanito
Songwriter
Lyrics
Refrain
Mwen sakrifyem pou fanmi fanmim fanmim yo pa janm rekonèt sa
Mwen sakrifyem pou zanmi zanmim zanmim yo pa janm rekonèt sa
Malgre sa m pap chanje e e
Map rete moun mwem ye e a
Malgre sa map kontinye fè byen a lòt menmsi yo pa rekonèt sa
Verse 1
Kòm gon pwovèb ki di fè byen se frèt
Ebyen lap kale mwen jouktanm mouri
Sansibilitem se pi gwo feblès
M paka sipòte wè moun ap soufri
M konn pran pwoblèm lòt moun tankou se pam
Metel sou dom ap chache solisyon
Lè sa pa mache se mwen ki koupab
Se mwen’k antò ki merite baton
Pa domi pou yo
Pa manje pou yo
Met tèt mwen an dènye pou yo o
Mwen mache pou yo
Mwen chache pou yo
Sakrifye lavim pou yo o
Refrain
Mwen sakrifyem pou fanmi fanmim fanmim yo pa janm rekonèt sa
Mwen sakrifyem pou zanmi zanmim zanmim yo pa janm rekonèt sa
Malgre sa m pap chanje e e
Map rete moun mwem ye e a
Malgre sa map kontinye fè byen a lòt menmsi yo pa rekonèt sa
Verse 2
Yo di mwen di
Yo di mwen fè
Bagay yo pa konfime
Sa ki tavèm
Kouri banm do
M sezi banm on konprime
Manman démon , manman pa bon , granmèsi chen se kout baton
Mwen pa takle , mwen pa fè fot, yo foum deyò , mwen pran katon
Sa pat dwe janm rive
Men sa pat dwe janm rive la a
Réputation’m ap drive
Pou réputation’m ap drive la a
Refrain
Mwen sakrifyem pou fanmi fanmim fanmim yo pa janm rekonèt sa
Mwen sakrifyem pou zanmi zanmim zanmim yo pa janm rekonèt sa
Malgre sa m pap chanje e e
Map rete moun mwem ye e a
Malgre sa map kontinye fè byen a lòt menmsi yo pa rekonèt sa
Written by: Wanito