Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Rayy Raymond
Rayy Raymond
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Jimmy Olivier
Jimmy Olivier
Songwriter

Lyrics

Depi lè w ale a
Anyen pa chanje
Jan w te kite kè m nan, oh-oh-oh
Li toujou blese
Pase kay anpil doktè
Toupatou sou tout latè
M pa janm jwenn yon solisyon
Kè m toujou gen yon plè
K ap senyen san rete
Dèfwa, m ap mande kote w ye
Si sèlman dlo nan je m
Ta va tonbe nan zòn ou kou lapli
Li ta va koule sou tòl kè ou
Konsa w ta tande vwa m k ap di ou
Come back
Please, baby, come back to me
Ou make l (oh-oh, oh)
Ou make vi mwen (oh, oh-oh)
Franchman, w make l tank on tatou
Mwen gen souvni ou toupatou
Ou make l (oh-oh, oh)
Ou make vi mwen (oh, oh-oh)
Franchman, w make l tank on tatou
Mwen gen souvni ou toupatou
Souvni nou yo pa ka efase (oh-oh-oh-oh)
Santiman m pou ou te gen tan enstale
Mwen kontre ak lapenn (lè w pa la)
Mwen kontre ak doulè (lè w pa la)
Mwen kontre ak tristès
Yon pakèt bad memories
Mwen kontre ak lapenn (lè w pa la)
Mwen kontre ak doulè (lè w pa la)
Mwen kontre ak tristès
Yon pakèt bad memories
Lavi m, cheri, ou sikatrize l
Ou make l (ouh-ouh-ouh, oh-oh, oh)
Ou make vi mwen (oh, oh-oh)
Franchman, w make l tank on tatou
Mwen gen souvni ou toupatou
Ou make l (oh-oh, oh)
Ou make vi mwen (oh, oh-oh)
Franchman, w make l tank on tatou
Mwen gen souvni ou toupatou
Cheri
Ou make lavi mwen (pèsòn p ap ka ranplase w)
(Jamè)
Ou make egzistans mwen
Cheri w make l
Ante lavi mwen
Cheri w manke m
Si renmen w se yon kwa (yon kwa)
Mwen fè yon chwa (yon chwa)
Sou do m m ap ka pote l
Sou do m m ap ka pote l
Si renmen w se yon kwa (yon kwa)
Mwen fè yon chwa (yon chwa)
Sou do m map ka pote l
Sou do m m ap ka pote l
Pou jan w make vi mwen
(Gad on doulè)
Ou make lavi mwen
Ou make èkzistans mwen
Cheri w make l
W ante lavi mwen (Sound Studio)
(Men konpa)
Cheri w manke m
Si renmen w se yon kwa (yon kwa)
Mwen fè yon chwa (yon chwa)
Sou do m m ap ka pote l
Sou do m m ap ka pote l
Si renmen w se yon kwa (yon kwa)
Mwen fè yon chwa (yon chwa)
Sou do m m ap ka pote l
Sou do m m ap ka pote l
Pou jan w make vi mwen
Ou make l (oh-oh, oh)
Ou make vi mwen
Written by: Jimmy Olivier
instagramSharePathic_arrow_out