Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
The Bongo Hop
The Bongo Hop
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Etienne Sevet
Etienne Sevet
Composer
Kephny Eliacin
Kephny Eliacin
Songwriter

Lyrics

Mache n’ape mache san n’ pa konnen kote n’ pr’ale
Prese wi nou prese, m’ pa konn’ kilè men n’ vle rive
Men je n’ fèmen oubyen n’ bliye gade dèyè tout sa n’ lakòz
Devan pòt tounen dèyè kay, nèg pa vle plante bò lakay
Di mwen lè solèy la leve, kiyès k’a ede m’ fè konbit
Pou lawouze tounen lespwa pou nou ka rekòlte lavi
Grenn Pwonmennen asyèt ou chaje maladi
Grenn Pwonmennen de je n’ kale men n’ap dòmi
Li pa twò ta pou n’ reflechi, Li pa twò ta pou n’ reflechi
Boule, wi n’ap boule, pou n’ fè chabon kisa k’ peye
Tout mòn yo debwaze, pou chak lapli gen je k’ fèmen
Eske l’ nòmal pou n’ enpòte sa fòs ponyèt nou te konn’ ba’ nou
Devan pòt tounen dèyè kay, menm diri n’ pa fèt bò lakay
Di mwen lè solèy la leve, kiyès k’a ede m’ fè konbit
Pou lawouze tounen lespwa pou nou ka rekòlte lavi
Grenn Pwonmennen Asyèt ou chaje maladi
Grenn Pwonmennen Li pa twò ta pou n’ reflechi
Li pa twò ta pou n’ reflechi, Li pa twò ta pou n’ reflechi
[ Di mwen ! Oumenm ! Oumenm ki save. Lè w’ prale sa w’ap kite ?
Timoun yo, tchovi yo ki dèyè, si w’ pa simen sa w’ vle yo ranmase ?
Ou montre y’ achte ou pa montre yo vann
Ki mantalite, kisa w’ vle n’ defann? ]
Ki garanti pou lasante si pwodiksyon egal pwazon
Si pou manje y’ap tann yo bay sa n’ te dwe plante bò lakay
Di mwen lè solèy la leve, kiyès k’a ede m’ fè konbit
Pou lawouze tounen lespwa pou nou ka rekòlte lavi
Grenn Pwonmennen asyèt ou chaje maladi
Grenn Pwonmennen de je w’ kale men w’ap dòmi
Li pa twò ta pou reflechi, pou w’ ka garanti yon avni
Ann’ ale solèy la leve, Grenn Pwonmennen annou ale
Li pa twò ta pou reflechi…
Written by: Etienne Sevet, Kephny Eliacin
instagramSharePathic_arrow_out