Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Klass
Klass
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Jean Hérard Richard
Jean Hérard Richard
Songwriter

Lyrics

Papi, pa di m ou bliye Mati ou di m ou te pase Lè ou ak manmanm te fèk rankontre Se paske w te tchenbe, jodi a m ekziste Pouki ou vle pou pitit ou eritye Mizè ou te andire, se pa sa l ta dwe ye Se li mwen vle, benediksyon ou konte Men si w pa aksepte, m ap oblije marye M ap marye, oh, m ap marye avè l Li respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m (mwen wè lavi m) M ap marye, oh, m ap marye avè l M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon Manmi, ou di m ou pa vle wè l Ou di m san w pa ale avè l Sonje se mwen ki pral viv avè l Li fè lavi m pi bèl, wo-oh-oh Pouki ou vle pou pitit ou eritye Mizè ou te andire, se pa sa l ta dwe ye Se li mwen vle, benediksyon ou konte Men si w pa aksepte, m ap oblije marye M ap marye, oh, m ap marye avè l Li respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m (nan li mwen wè lavi m) M ap marye, oh, m ap marye avè l M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon Woy, woy! Konpa (Woy, woy) Pipo tout jan, tout tan (Woy, woy) Wouch, oh, Letènèl (La-la-la-la-la-la) Eske s on patisyon plòtonnen Mamni, tande m (hi-ya-oh) Sa se pitit ou k ap pale (hi-ya, hi-ya-oh) Mwen toujou fè sa w vle, men fwa sa ou dwe sipòte m (hi-ya, hi-ya-oh) Papi, tanpri (hi-ya-oh) M konnen w pa ta vle m soufri (hi-ya, hi-ya-oh) Men ou pa ka fè santiman m, se li menm ki tout kè kontan m, hey Manmi, ou se tèt, chapo mwen ba ou, fò w mete l (Nou pa ka chwazi pou mwen, je suis plus un gamin) Papi, ou se tèt, chapo mwen ba ou, fò w mete l (Nou toulède gradye, profesyonèl nou ye) Mamni, tande m (hi-ya-oh) Sa se pitit ou k ap pale (hi-ya, hi-ya-oh) Mwen toujou fè sa w vle, men fwa sa ou dwe sipòte m (hi-ya, hi-ya-oh) Papi, tanpri (hi-ya-oh) M konnen w pa ta vle m soufri (hi-ya, hi-ya-oh) Men ou pa ka fè santiman m, se li menm ki tout kè kontan m, hey Cheri, pa enkyete w, m gen kontwòl tout bagay Zopop-podo! Quelle harmonie! Avanse sou Jazz la, K L A S S, klass Konpa, konpa Sa s on brezo Woy woy, yo mele Yaya fly Woy, woy, yo mele Klass it is baby, yes it is baby Moskino Trase vèvè w Bon, n pral bay yon ti apèsi sou bal la wi, tande sa Gen sa k gen tèt ki pa gen kò (kisa?) Gen sa k gen kò ki pa gen tèt (yo pa gen tèt) Nou menm djaz sa, nou gen tèt, nou gen kò, depoze konpa Se, se, se, se, ay, men Konpa Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Si nou konnen nou byen edike m, pouki nou gen dout sou chwa m ap fè? Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l
Writer(s): Myrick Barry Paek Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out