Top Songs By Kenny Desmangles
Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Kenny Desmangles
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Kenny Desmangles
Songwriter
Lyrics
Ou gen pou w'ap mande pou mwen yon jou
Ou gen pou w'ap chèche m ou pa sa wè m
Ou gen pou anvi anvi kenbe men m
Santi w ta fè yon ti lanmou avè m
O cheri dlo gen pou ap koule nan zye w tankou on rivyè
Saying that you wish I was there
Yon jou m'a resi gen kouraj pou m efase tout imaj ou
Pou mwen bliye w, go on without you
Yon jou kè m a sispann renmen w
Lè sa m'a va trè trè lwen w
Can you understand my pain?
Ou gen pou w'ap pale zanmi w de mwen
Rakonte yo jan mwen te bon pou ou
Ou gen pou admèt ke w fè yon erè
Ou gen pou w'ap mouri avèk regrè
Yon jou m'a resi gen kouraj pou m efase tout imaj ou
Pou mwen bliye w, go on without you
Yon jou kè m a sispann renmen w
Lè sa m'a va trè trè lwen w
Can you understand my pain?
(Kennyway)
Ou fè m tout mal ki egziste
Gen bagay m'pa menm ka pale
Malgre tout sa mwen fèmen zye m
Fè kòmsi ke m'pa konprann
Lè zanmi fanmi ap mande m eske tout bagay ok
Mwen toujou ap bay manti pretending that I'm so happy
(Ou pran avantaj, ou gaspiye m)
(Mache sou lanmou, profite m)
(Yon jou soufrans mwen genyen pou l fini) soufrans mwen genyen pou l fini
(Pase maladi ou konn remèd)
(Pa gen lapriyè k pa gen amen)
(Never, never know what tomorrow will bring)
Ou fè m tout mal ki egziste
Gen bagay m'pa menm ka pale
Malgre tout sa mwen fèmen zye m
Fè kòmsi ke m pa konprann
Ou konn fè de, twa jou deyò sou pretèks nou pa asanm ankò
Lè mwen mande w eksplikasyon, ou di mwen pa poze w kesyon
(Ou pran avantaj, ou gaspiye m)
(Mache sou lanmou, profite m)
(Yon jou soufrans mwen genyen pou l fini) soufrans mwen genyen pou l fini
(Pase maladi ou konn remèd)
(Pa gen lapriyè k pa gen amen)
Never never know what tomorrow will bring
Ou fè m mal, ou fè m mal
Ou fè m mechanste
Lavi sa a gen revè (li gen revè)
What goes around baby (comes back around)
Jodi a se mwen menm k'ap plenn (se mwen k'ap plenn)
Demen se ou ki ka nan lapèn (se ou k va nan lapèn)

Written by: Kenny Desmangles