Music Video

Featured In

Credits

PERFORMING ARTISTS
Wendyyy
Wendyyy
Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Wendyyy
Wendyyy
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Wendyyy
Wendyyy
Co-Producer

Lyrics

M pa konn sa wap andire men simontel an silans
Just fè tan konfyans , chache pasyans chache andirans
Li pa pwoblem , siw gen pwoblem
Ou gen pwoblem , lèw gen pwoblem pou pwoblem ki pa depann de ou kite baw pwoblem ,
Pa chache pwoblem mete sou pwoblem ou
Ou pat kreye pwoblem kite pwoblem jere pwoblem li
Gade pwoblem nan avanw bay tèt ou pwoblem
Gen pwoblem ou ka rezoud , men gen pwoblem ki pa pwoblem ou
Pa focus sou pasew pasew se ki moun ou te ye
Anprann de erew pouw konn Ki moun ou kreye
Pa pran desizyonk Pa desizyonw , kanpe dèyè desizyonw , Chak moun ap viv vi pa yo , moun pa dwe diw ki moun ou dwe ye
Kite sa kap di yo di e sa kap pale yo pale
Sa yo panse pa definiw epi sak pale yo prale
Depi gen manje gen oxygène sel moun ou bezwen se ou kite sa kap vini yo vini e sak prale yo ale
Se figi moun yo genyen yo pa moun pa okipe bèt yo
Pa met konfyans ou nan yo frèm pa okipe trèt yo
Rete focus rete okipe ap okipew de okipasyonw pa okipe moun ki paka okipe tèt yo
Toujou kenbe tet ou wo fè en sorte ou pa janm pliyew
Siw nan pozisyon pouw ede make sure yo pa janm priyew
Sonje lòt moun men pa janm bliyew
Paske yap bliyew lèw vivan e lèw mouri yap promèt ou yo pap janm bliyew
Fòw pase nan fè nwa pouw kontre jou
Se pa limyèk pa gen sou ou ou jis kanpe a contre jou
Fòw konn pou kiyes ou konte e sou Kiyes pouw konte e toujou sonje chak jou konte koz lanmò ap konte jou
Fow sispann fè sousi si non wap soufri souvan , toujou kontinye souri pwoblem yo ap fini sous peu , lache priz pa lapè sousyew nan on ti tan wap soulaje , Jodia li son soufrans demen lap on senp souvni relax
Written by: Duvert Wendy
instagramSharePathic_arrow_out