Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Wendyyy
Vocals
COMPOSITION & LYRICS
Wendyyy
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Wendyyy
Co-Producer
Lyrics
M Pran lavi pou profesè donk chak jou map edike
M son ekrivain kap ekri listwa e bondye ap éditer
M konnen avan nou konnen koz tout viktwa préméditer
M pa ekri pou’n dim konn ekri men pou’n tande et méditer
M gen gwo rèv gwo Anbisyon , difisil poum satisfè , m pa kontante a Sam genyen men Sam genyen an sufi
Si nom chwazi sac bon pou mwen m chwazi pa chwazi paske chwazi se renonse
E renonse se soufri
M renmen pataje men m pa bay vle m bay sak bezwen
Pou mwen tout fanm se fanm m pa konn sak bon e sak Bzen
M lwen objektif mwen , men m trè rekonesan
M aprann bay enpotans a Sam genyen pa a sam bezwen
Bondye gentan banm lavi m paka chache fanm pou fè vim
Li met manje pou tout moun donk m pa tann yo pou sèvim
Nou son bann inyoran , Nou pa janm konn grandè toupwisan , nou tout pandan bondye la pou sèvin
M ret san zanmi aprè lanmò Marcus Samuel koz M renmen lwayote se pou Sam pa rayi chen
Se grandi wap grandi , wap konn poukisam rete solo siw vle konn kijan yo kreye ènmi ini 2 ayisyen
Manman gentan Banm la vi m paka chache fanm poum fè vim
Li met manje pou tout moun donk m pa tann yo pou sèvim
Nou son bann inyoran nou pap janm konn grandè toupwisan nou tout ap sèvi bondye pandan bondye la pou sèvin
Pa bliye lèw prale se ouk pral sèl
Ou ka fè saw imajine a se ouk pa fèl
Pa fè pèsòn konfyans mefyew de tout moun men mefyew plis de Moun ou pat panse a koz se lik pral fèl
Fow refize pouw konn saw evite
Chache konn Kiyes ou ye pouw ka konn saw erite
PA pran sa yo baw pran sak pou ou metew piti pouw viv reziyew a saw jwenn men toujou sonje saw merite
E lanmou se pou on tan pa Mandel a vi
Nenpot sak bon pou ou a fèl pa mande avi
Siw pa eseye ou pap janm konnen se swa aprann swaw reyisi de tout fason lavi pap diw donk pa mande la vi
Tande pouw médite e fwa sa ou ka aplike tout sam di
Se vre lavi se on fèt menw p dwe fete tout samedi
Fò nou panse avan nou di koz nou pa panse tout san di , nou pa dwe di tout san panse men nou dwe panse sou tout san di
Sèl bagay m pap vann se nanm mwen ak konsyans mwen e diyitem map mache sou tras toupwisan san ankenn detou
M’en anyen pa gratwi tout branch pwèl mwen monetize menm Bondye ba nou lavi pou nou remèt lil an retou
Written by: Duvert Wendy