Top Songs By BiZNIS
Similar Songs
Credits
COMPOSITION & LYRICS
Dener Ceide
Songwriter
PRODUCTION & ENGINEERING
Dener Ceide 50%
Executive Producer
Jolicoeur Brignol 20%
Co-Producer
Lyrics
Yo paka imajine nou fè youn
Se sou lanpriz lanvi
Yo leve yo dòmi
Se moun ou pa panse
ki pa vle nou fè youn Yo pale pou tout bagay kraze
Tèlman yo lapide n
An nou kite mechan yo ranse
Nou wè yo
Sa va ban nou plis fòs
Pou nou sove lanmou
Bebe mwen la
Depi m ba w mo m
Ou konnen m serye
Pawòl mwen ba w sakre
Douvan Bondye
Toujou la y ap veye nou
Ala moun yo renmen lobo (bis)
Nou fè yon chwa
Se tou nòmal pou jwenn sila
ki kanpe an kwa
fòw sonje bouch moun pa leta
Yo pa fè lalwa
Cheri raple w Mwen te pale w
Bonè pa nou pral fè lòt soufri
Mwen vin ekri non mwen
Ak lanmou nan paj lavi ou
Map ba w yon bèl paraf la
M'ekri l nan paj lavi ou
Soulatè a
Se chak moun k ap defann kòz yo
Soulatè sa
Se pran tout byen w jwenn nan mal yo yo
Toujou la y ap veye nou
Ala moun yo renmen lobo lobo (bis)
Tande vakam
Youn ladan yo Pa istwa pa m
Se rakontay
Vwazinay pa ka douw sa m fè
Son w bann maladwa
Lanmou m ba w la pa mezire l
Pran l nan menm li frajil li anpil
Mwen vin ekri non mwen
Ak lanmou nan paj lavi ou
M ap ba w yon bèl paraf la
M ekri l l nan paj lavi ou
Soulatè a
Se chak moun kap defann kòz yo
Soulatè sa
Se pran tout byen w jwenn nan mal yo
Ohh Lèse moun yo
Lèse mounn yo
Di sa yo Vle
Konen mwen avèw cheri
Pou lavi nou damou
Lèse mounn yo
Lèse mounn yo
Kite yo pale
Lè yo wèm avèw doudou
Egri yo pap sispan jalou
Yo pap kontan sa
Yo pap renmen sa
Lè ya wè mwen avèw cheri
yo pap renmen sa
Yo pap kontan sa Yo pap renmen sa
Lè ya wè lanmoun ap fè hit
Yo pap renmen sa
Lèse mounn yo
Lèse mounn yo
Di sa yo vle
Konen mwen avèw doudou
Pou lavi nou damou
Lèse mounn yo
Lèse mounn yo
Kite yo pale
Paske mwen avèw doudou
Egri yo pap sispan jalou
Yo pap kontan sa
Yo pap renmen sa
Lè ya wè mwen avèw cheri
Yo pap renmen sa
yo pap kontan sa
Yo pap renmen sa
Lè ya wè lanmoun ap fè hit
Yo pap renmen sa
Written by: Dener Ceide