Similar Songs
Credits
PERFORMING ARTISTS
Wid
Performer
COMPOSITION & LYRICS
Alner Auguste
Songwriter
Lyrics
Anhan anhan anhyaaah anhhhh
Dena Baby
Wido
Cheri, m konnen w soufri
Avè m bagay yo di
E m pwomèt ou sa pwal chanje
M prè pou m afwonte lavi
Jis pou w pa ale
Ale (koral)
O "baby", w paka leve w kite mwen konsa
Pou sakrifis ki fè
Pou lanmou nou rive la
O no, bebe
M konnen w renmen m vre
Lè w byen gade
Eske wè avni n asire
Di mwen non
M konnen w pa vle m ale
M pa vle w ale (koral)
M konnen w pa vle m ale
Ou vle m ret la… ret la
M konsyan ou gen rezon
Rezon….
Men kè m pa vle dakò
M vle sakrifye pou lanmou sa, baby
Refren
Lanmou pa sifi
Lanmou sèlman pa sifi
Paske m gon vi pou mwen jere
Gen yon fanmi pou m okipe
M renmen w vre
Men, sa pa ase
Lanmou pa sifi
Lanmou sèlman pa sifi
Paske m gon vi pou mwen jere
Gen yon fanmi pou m okipe
M renmen w vre
Men, sa pa ase eiyèhhhhh
Oho… Ohooo
Oho…. Ohooo
Devan Bondye m renmen ou san fason
Men sa pa sifi pou m rete
E sa p ap kenbe m, baby
Se ak dlo nan je
M ap gad relasyon m chanje plas
E m pa vle viv nan yonn k ap make pa sou plas
Wap ret nan kè m "forever"
"Forever"
M pa vle gon vi nan mizè
Nan mizè
Mwen pa trouve l posib
Pou m kite kè m mennen vi m
O ou ou
Baby, m vle w kwè nan mwen
Paske w pa konn demen
Men bagay yo pap rete konsa
M toujou ka vin wo
Menm si w wè m ba
Baby, m vle w kwè nan mwen
Paske w pa konn demen
Men bagay yo pap rete konsa
M toujou ka vin wo
Menm si w wè m ba
Refren
Lanmou pa sifi
Lanmou sèlman pa sifi
Paske m gon vi pou mwen jere
Gen yon fanmi pou m okipe
M renmen w vre
Men, sa pa ase
Lanmou pa sifi
Lanmou sèlman pa sifi
Paske m gon vi pou mwen jere
Gen yon fanmi pou m okipe
M renmen w vre
Men, sa pa ase eiyèhhhhh
Oho… Ohooo
Cheri, avè w mwen vle ye
Eske lè m santi m pare
W ap vin jwenn mwen
W ap vin jwenn mwen
Cheri avè w mwen vle ye
Eske lè m santi m pare
W ap vin jwenn mwen
W ap vin jwenn mwen
Written by: Alner Auguste