Similar Songs
Credits
COMPOSITION & LYRICS
Joverlein Moïse
Lyrics
PRODUCTION & ENGINEERING
Joël Ferron
Producer
Lyrics
These words that I'm about to sing
To say that hope is our thing
We know our blood is on your hands
While you're confused, for still we stand
They made us blind, yet we can see
Our paradise they made us flee
This land of sun, this land of sea
Where lies my soul, my destiny
Sa w Wè a Se Sa
Lavi se yon kado nou la pou nou pwofite
Sa w Wè a Se Sa
Nanpwen tèt bese, fòk nou pale gwo koze
Sa w Wè a Se Sa
Sispann abandone, se vivan k ekri listwa
Sa w Wè a Se Sa
Lè m gad nan je w mwen we nanm ou
Konnen ou merite lanmou
Li lè pou san n koule pou nou
Pou wouze lespwa pitit nou
Kote n prale si nou pa wè
Yo batize n pou n sispann kwè
Chimen n se chimen limyè
Bondye fè nou gen frè ak sè
Sa w Wè a Se Sa
Lavi se yon kado nou la pou nou pwofite
Sa w Wè a Se Sa
Nanpwen tèt bese, fok nou pale gwo koze
Sa w Wè a Se Sa
Sispann abandone
Se vivan k ekri listwa
Sa w Wè a Se Sa
Nou pa nan bouche nen bwè dlo santi pou kola
Sa w Wè a Se Sa
Woy, an n panche sou sò nou
Nou lage nan fè lago avèk vòlè
Woy woy woy
An nou pran ka nou
Viktwa n nan men nou
Li lè pou nou fyè
Pitit lafrik se diyite
Nou pa t vin isit pou n mande
Nou se pouvwa nou se fyète
Ayisyen se libète
Lavi n nan men asasen
Y ap pase avni n nan tenten
Sa k fèt jodi peye demen
Evolisyon pa janm gen fren
Woy, an n panche sou sò nou
Nou lage nan fè lago avèk vòlè
Woy woy woy, an nou pran ka nou
Viktwa n nan men nou, se kwè pou nou kwè
Se sa, se sa (Sa w Wè a Se Sa)
Sa w Wè a Se Sa (Sa w Wè a Se Sa)
Sa w Wè a Se Sa (sa w wè a se sa)
Lavi se yon kado nou la pou nou pwofite
Sa w Wè a Se Sa (sa w wè a se sa)
Ay nanpwen tèt bese, n ap pale gwo koze
Sa w Wè a Se Sa (sa w wè a se sa)
Sispann abandone, se vivan k ekri listwa
Sa w Wè a Se Sa (sa w wè a se sa)
Nou pa nan bouche nen bwè dlo santi pou kola
Sa w Wè a Se Sa
Lyrics powered by www.musixmatch.com